05/06/2023
Sak pase Leyogàn samdi 3 Jen an, pa yon sipriz. Se aksyon nou sou anviwònman an ki koz sa pase konsa, ti gout lapli ap toujou koze gwo dega, si nap kontinye neglije tout paramèt anviwònmantal yo, 4 gwo rivyè ki travèse Yogann yo (Momans, Wouyòn, Kòmye ak rivyè Goch) e lòt ti ravin yo, prezante gwo menas, men yo te la avan nou, se nou ki vin koze yo fè dega, paske se nou ki rann tèt nou vilnerab. Nou koupe tout pye bwa nan tèt mòn yo, poze aksyon sa nou te dwe konnen chak gout lapli ki tonbe plis tap kouri sou sifas tè a, olye li antre anndan tè a, nomalman pase Wouyòn nan vil la ap pi gwo chak ane si pagen yon travay total ki fèt depi nan basen vèsan rive an aval, se pa wouyòn ki fè dega a, se nou, e lap kontinye kraze Yogann, sin pa deside panse yon lot jan, nou ap viv, nou bliye tèt nou, nou panse ak Wouyòn se yon menas, se chak lè lapli tonbe, li touye kek nan nou. Si se lè lapli tonbe nou wè menas rivyè a, yon lè nou pap menm gentan pansel, nou pap menm gentan wèl, lap jis bwote tout sak nan sant vil yogann nan, kit se moun, kit se byen.