02/02/2022
Istwa rankont nou pi bèl💏💏
3eme edition✅
#11
Ken & Dounie
Mse Dounie, rankont Mwen avèk marim se yon bagay ki ekstraòdinè😍
Mwen te wè li pou premye fwa sou statut yon zanmim ki zanmil tou. Mwen kòmante anba foto an epi zanmi an ekril li dil gen bèl demwazèl ki kòmante foto w ki sou statut m nan🙂
En mode gentleman😀li di zanmi an mandem s’il ka gen nimewom
Zanmi an voye nimewom ba li San li pa metem okouran🤗
Nan demen Mwen wè yon nimewo ekrim Mwen mande kiyes sa epi li dim se moun ou te kòmante anba fotol lan epi li di Mwen te di zanmi w lan poul mandew eske Mwen ka gen nimewow epi Mwen non li pat dim sa🤷♀️.
Ti parole vinn ap tonbe, ti konesans ap fèt🤗
Nan pale li vinn dim yon bagay Mwen plenn epi li mandem poukisa Mwen plenn eske li paka genyenm kòm mennaj li epi Mwen reponn li Mwen dil mwen pa di sa men nou fek ap pale nou pa bezwen presipite😌.
A l’époque Ken ki vinn marim kounya pa tap viv ayiti
Chak jou se te call video 💕nou pap pase yon jou san nou pale.
Kap 🪁nou vinn ap pran van se ti Romance de tanzantan😍menm si mwen pot ko janm dil wi nou renmen 😀
Li menm di zanmi an nou renmen men se paske Mwen te dil mwen pa di ke Mwen paka mennaj li men nan mwen menm mwen pot ko dil ui nou ansanm😉
Dialogue yo vinn ap pwolonje🤗Mwen kite tout bagay jan yo ye a😂 jiskaske li mete fotom sou profil whatsapp li ak Facebook li epi li mandem mod pass Facebook mwen , mwen ba lil epi li banm pal lan tou
Sa vle di menm semaine sa nou tou ofisyalize relasyon nou ki se te septembre 2019💃💕
Köm se te van lanmou ki tap mennen nou💃 li rantre ayiti sou 3 mwa relasyon nou ki se décembre 2019 li fèm supriz li mandem fiyansaj 23 décembre epi 28 décembre nou marye 💍sou 3 mwa renmen tout sa poum di nou men sa ki pouvwa lanmou an❤️
Mwen pat janm doute de li menm yon segond malgre nou pa tap viv pre paske lanmou a distans mande anpil sakrifis avèk pasyans 💕
Jou yo vinn ap mache poul retounen etazini an janvye
Li rive etazini nou kontinye rete nan liy lanmou nou
Malgre konn gen ti fache pale anpil lanmou nou te toujou ap triyonfe 💫💎
De septembre 2019 a no jou nou toujou la ansanm 👩❤️👨nap lite pou lanmou nou rete soude malgre nap rankontre anpil difikilte ak anpil pèsekisyon nou youn pa janm abandone lòt
Kounya nap viv menm kote
E sa gen 8 mwa depi nap viv ansanm🥰🥰lanmou nou kontinye ap fleri 🌻🌻nou youn poko janm regrèt ke nou te kwaze
E nou bay lanmou chans poul triyonfe a travè nou👩❤️👨
Mwen pa janm sispann renmen marim e li pa janm sispann renmen m tou💕💕
E nou kontinye ap renmen nan respè youn pou lot ❤️
Sa se pouvwa lanmou lè li mete pyel yon kote ki gen lanmou lap toujou triyonfe🔥🔥
Mèsi pa bliye vot nou tout konte😍 1like=1vot
____________________________
Sponsors😊
Ad-Lysa Fashion Shop 👗👖👠(3419 7895)
pou tout produit chimique (4401 4045)
(4835 5169)
(3999 8306)
( 3233 1427)
(3126 5758)
(32 39 4578)
Like page Ad-Lysa Fashion Shop & Graphtek