Parole Vivante

Parole Vivante En vous abonnant à notre page, vous trouverez des versets bibliques, des témoignages et plus. N'ou

Lèkti pawòl Bondye pou jounen anWòm chapit 3 v 24 - 27Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gr...
24/06/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Wòm chapit 3 v 24 - 27

Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè. Men koulye a, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras. Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans.

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
Bòn semèn.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen anFilip chapit 4 v 13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris ...
10/06/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Filip chapit 4 v 13

Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo. Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou.Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi.Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
Bòn semèn.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an Som chapit 139 v 15 - 19Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun ...
26/05/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Som chapit 139 v 15 - 19

Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil! Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa. Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo!

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
*Bòn fèt a tout manman* ,
Bon dimanch .

Lèkti pawòl Bondye pou jounen anSom chapit 145 v 17 - 21 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou...
08/05/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Som chapit 145 v 17 - 21

Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.

Bonjou e bòn joune ak Jezi.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an1 Jan chapit 1 v 7 - 10 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè,...
07/05/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

1 Jan chapit 1 v 7 - 10

Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou. Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.

Bonjou e bòn joune ak Jezi.

06/05/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Ezayi chapit 45 v 9 - 12

Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon. Madichon pou pitit k'ap di papa l' ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l' ki kalite pitit ou met sou latè a la a! Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l' la, men sa li di: -N'ap mande m' sa m' pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m' sa pou m' fè? Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo.

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
Bòn semèn.

02/05/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Travay chapit 10 v 30 - 35

Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye.Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Koulye a, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou. Pyè pran lapawòl, li di: Wi, koulye a, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun.Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.

Bonjou e bòn joune ak Jezi.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an  Jan chapit 10 v 15 - 19 Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn...
22/04/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Jan chapit 10 v 15 - 19

Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen.Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò. Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò. Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè. Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
Bòn semèn.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen anTravay chapit 27 v 25 - 29Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye...
21/04/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Travay chapit 27 v 25 - 29

Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan. Men, nou pral chwe sou yon zile. Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè. Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase. Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve.

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
Bon dimanch.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an Jan chapit 15 v 15 - 19 Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mè...
19/04/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Jan chapit 15 v 15 - 19

Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen. Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.Wi, men sa m' mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.

Bonjou e bòn joune ak Jezi.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an Jeremi chapit 31 v 3 - 6 Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pè...
17/04/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Jeremi chapit 31 v 3 - 6

Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou. Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankò. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò. Nou pral danse ak kè kontan. Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte. Wi, lè sa a moun k'ap veye yo va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò: Annou wè! Ann moute mòn Siyon, bò kot Seyè a, Bondye nou an.

Bonjou e bòn joune ak Jezi.

Lèkti pawòl Bondye pou jounen anJak chapit 4 v 3 - 6Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou ma...
15/04/2024

Lèkti pawòl Bondye pou jounen an

Jak chapit 4 v 3 - 6

Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman. Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li.Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.

Bonjou e bòn joune ak Jezi,
Bòn semèn .

Dirección

Santo Domingo Norte

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Parole Vivante publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir

Categoría