FIDJI SANTÉ PLUS

FIDJI SANTÉ PLUS Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de FIDJI SANTÉ PLUS, Enseignement supérieur, Petite Rivière de Nippes.

16/07/2022

Pa rate tèks la fi kou gason menm janm t di nou dènyèman gen anpil fwi ki gen menm fòm ak yon seri de eleman ki nan kô nou lotrejou m te pale nou de zaboka ki gen menm fòm ak ovè ki byenfè nou k jwenn ladan'l. pou jodia nou pral palew de fwi sa ki rele figue se pa figue bannane non ok .yo diferan kom nou wè foto a m panse nap konprann malerezman m pa konnen si gen fwi sa an ayiti?
Figue se yon fwi ki soti nan yon ab fwitye ki rele figuier.lèw koupe fwi sa menm jan nap gadel nan foto a nap wè ke eleman ki ladann'l yo gen resanblans ak spèmatozoyid sa vledi fwi sa li bon anpil pou ede gason ki gen problèm ki pa ka fè pitit figue se yon fwi ki rich anpil ak vitamine du Groupe B epil chaje ak sels minéraux et oligo élément : fer cuivre potassium zinc etc.. yon gason ki pa gen anpil spèmatozoyid epi yo pa mobil depil konsome fwi sa ki rele figue lap edel spèmatozoyid yo ap vin trè mobil epi yap ogmante. figue gen anpil anti oxydant de tip flavonoïde et caroténoïde sa yo vrèman bon pou spèmatozoyid yo lap sèvi yo de pwoteksyon kont mikrob ki kapab touye yo. Sa k rive fwi sa nou gen dwa pa k jwenn li fasil ayiti pou nou konsome nou k konsome figue bannane ak pistache ki trè bon aussi pour bouster les spermatozoïdes.
NB: se pa fi selman ki pa k fè pitit gason konn pa gen jèm poul ansent yon fanm lòskew bezwen yon bb pa ale lopital pou kow ale avek
Mariw poul fè spèmogram pou yo k wè eskel k ansent ou men toujou sonje se pa tout laboratoire ki k fè spèmogram fè atansyon pou nou pa pran nan fo rezilta. Fwi yo selman pap sifi pou edew ogmante spèmatozoyid ou. Li enpòtan pou pran ti medikamanw tou an fonksyon de saw genyen an aprè rezilta egzamen an epim garantiw wap bouke ansent madanm ou .mèsi nou kanpe la pa ezite ekri nou siw ta gen problèm.siw renmen travay la se like yo kap fèm santi sa bawwww.

09/07/2022

Eskew te konnen zaboka bon anpil pou ovè ou yo dayè ou k wè sa li gen menm fòm ak ovè yo anplis de ovè yo li ede matris nou fonksyone byen pa bliye nou pral nan moman zaboka nou dwe manjel tout tan nou kapab lap bon pou nou zaboka gen omega 3-6-9 ce sont des acides gras ki ede medam yo anpil paske yo patisipe nan ovilasyon nou san konte zaboka gen anpil anti oxydant kap ede cellule ovocyte yo kont les radicaux libre sa vledi lew manje zaboka ou pwoteje ovil ou li pap detwi fasil lè sa wap fasil pou ansent wap wè glè sèvikal nòmal. Ou menm ki gen gwo vant zaboka ap edew kase vant ou paske lwil ki nan zaboka li vrèman efikas lap edew brile grès ki nan vant ou. men akondisyon sispann bwè byè sispann manje trop vyann . Sispann konsome aliman ki gen grès le soir tankou: babecue banan fri ak vyann fri. Toujou sonje chak sa nap met nan bouch nou fok nou konnen ki sa nap jwenn ladan'l eske se vitamin? Eske se protéine? Eske se acides gras polyinsature? Etc.. Konsa nap fini pa adapte nou ak yon rejim alimantè ekilibre.
Gen anpil lòt fwi ki gen menm fòm ak ògan ki nan kô nou san nou pa rann kont de sa.se vrèman enpòtan tout fwi ki gen menm fòm ak yon ògan nou yo se paske yo bon anpil epi yo ede ògan yo byen fonksyone yon lot fwa nap vin ak yon lòt tip de fwi kap fòm yon lot ògan ki nan kô nou nap palew de li ki byen fè nap jwenn lè nou manje'l pou jodia nou tap pale w de zaboka ki gen menm fòm ak ovè lòske yon fi manje zaboka li ede ovè li yo byen fonksyone epi li edel fè prevansyon kont yon seri de maladi tankou: kis ovaryen kansè nan ovè ak nan matris epi fibrome. NB: fi kou gason dwe manje zaboka.mèsi siw t kontan pou bèl ti konsèy sa fem santi sa ak yon like.

08/07/2022

🔴ATANSYON, KONSÈY MEDIKAL🔴

Anba vant ou ap fèw mal,. Kanal ou ap brilew,. Pipiw bay yon koulè ki pa nòmal epi li gen move sant, bouboun ou ap gratew, tout sa yo se kèk siy ak sentom de yon enfesyon vajinal men tou fòw konnen kèk ti koze sou HPV.

Patajel patajel🤞🤞

PA bliye follow paj mwen an, klike sou 👉👉 Chatel Boisrond pou toujou rete enfòme ak KONSÈY santem yo.

07/07/2022

Tikas yo se youn nan mwayen ki fèw gen enfeksyon nan zòrèy 👇👇👇👇👇🔴

06/07/2022

Atansyon 🔴🔴🔴 patajel patajel 👇

29/06/2022

✅Remèd natirèl ( ) pou Bouboun ki gen movèz odè, Règ ki gen move sant , lè'w retire kilòt ou pran sant dwòl nan fouk kilòt la .
Tizann sa tout fanm ka fè'l pou kenbe Bouboun an bon état .
NB : tizane sa pa pou enfeksyon vajinal , se jus pou si bouboun lan bay move sant siw gen enfeksyon se yon lot reset ki bon pou li an depi de ka enfeksyon an zanmi :
👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme , Ede Yon lòt fanm épi
anrejistre resèt la sou paj ou
➡️Engredyan :
-Girofle
-Dlo
➡️Preparasyon :
Bouyi 10 grenn Jiwòf nan 4 tas dlo pandan 10 minit . Aprè kite'l tyèd , bwè yon tas epi lave Bouboun ou avèk rès la 3 fwa/Jou . Toujou chofe'l chak fwa wap lave Bouboun ou.

20/06/2022

Medam sa konsènew, kit ou gen cycle 28 oubyen 35 Jou, ou dwe konnen kisa pa dwe fè Nan moman ou gen règ ou.

Pa bliye patajel👇👇👇👇

Lèw gen règ ou pa dwe bwè dlo glase:

Gen anpil Fi Nan moman yo gen règ la, yo konsome anpil dlo ki glase glase. Lèw konsome dlo glase sa yo, ou konn wè San soti boul boul, ki vle di li koagile. Se Pou sa ou pa dwe bwè dlo glase oubyen lòt bagay ki glase Pou mete anndanw.

Lèw gen règ ou pa dwe chita ba:
Wi wi, chita ba konn fè sentiw vle dekole Nan moman ou gen règ la.

Lèw gen règ ou pa dwe kite kotèks la poul fè 2 zèd tan sou ou:
Sa ka baw enfeksyon lèw pa pran swen bouboun nan lèw gen règ ou.

Lèw gen règ ou pa dwe pote chay ki Lou:
Lap fè San vini anpil sou ou.

Lèw gen règ ou pa dwe fè travay kòve tankou bote dlo, chita sou kivèt rad Pou lave, etc

Lèw gen règ ou pa dwe pran medikaman si sepa Doktèw ki ba oul.

Pa bliye patajelllll

Chatel BOISROND/ Medical students

20/06/2022

11 bagay ou dwe konnen kòm enfòmasyon sou zafè règ fanm:
1-Laj estanda règ kòmanse sou fi se 12 zan
Laj estanda li kanpe sou fi se 50 ane men sa ka rive depi nan 40 an li kòmanse wè derègleman, yo rele sa Premenopoz.
2-Règ fi dire 3 a 5 jou sou li men gen fi li fè ka plis sou li men aprè 7 a 8 jou ou dwe ale wè jinekològ.
3- S*k Manstriyèl estanda a se 28 jou men sa pa vle di se sal ye, li ka mwens, li ka plis e li ka varye a chak fwa tou, gen anpil faktè ki ka fè sa. Gen s*k 21 , 22 jiska 35 jou.
4- Kèlkeswa S*k ou, ou ovile 14 jou avan règ la vin sou ou.
5- Pou yon fi 40 an, règ li te vin sou li o mwen 400 fwa pandan yon kantite jou o mwen 2400 jou.
6-Sa rive fi ki nan menm kay,menm espas gen règ yo preske an mèm tan akoz yon odè yo emèt e ki vin gen enpak sou òmón yo, fenomèn sa rele fenomèn Dòtwa oubyen efè Mc Clintock
7- Ou pèdi ekivalan yon ti tas kafe san chak fwa ou gen règ ou
8- Tifi ki fèk fèt sa konn rive ou wè kras san nan ti bouboun yo, yo rele sa règ nourison! Se jis òmón seksyèl li yo ki te fè yon ti deregle tou piti akoz li fèk fèt, li pa twò deranje
9- Doulè ou genyen lè'w gen règ la rele Dismenore e se akoz matris ou ap kontrakte poul mete san an deyò kifè sa.
10- Yon move nouvèl,yon aksidan,yon twomatis kèlkonk ka lakoz san vide sou yon fanm san l pa nan peryòd règ li.
11-Pandan peryòd ovilasyon ou ou gen yon grenn jou w kapab ansent sèlman.
Exama Rodrigue
Pataje O maximum

09/06/2022

Adresse

Petite Rivière De Nippes

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque FIDJI SANTÉ PLUS publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager