28/03/2022
DAPRÈ OU,KISA TONBE AN KOMA(coma) A YE ?
Lèw fin li tèks la, wa di nou nan kòmantè a saw te panse e kisaw aprann de nouvo !!!!!!!
COMA
Se yon syndrome (yon ansanm de koz klinik) ki karakterize par yon nivo konsyans trè trè diminye, dè fwa li konn baw yon ide de si moun nan ap viv ou mouri . Akoz gen plizyè nivo , yo kategorize li konsa :
- Coma Vigil :
Lè moun nan pa twò ajite , epil reponn ak kèk saw mande’l
-Coma Carus :
Moun nan on ti jan lwen , li pa two reyaji menm kew zongle li , oubyen fèl bagay ki te ka fèl mal
Coma Dépassé :
Moun nan pa reyaji menm , e li difisil poul retounen nan bon sans li ankò
KISA KI KOZ SA ?
Anpil bagay konn fè moun tonbe an koma , e se sel lopital pouw kouri , peut-être lè yo fin wè kisa ki fè sa , siw rive à temps , selon klasifikasyon an la gen yon chans
NOU GENYEN :
AVC (accident vasculaire cérébral)
Comas métaboliques (lè suk ou monte twòp , lè li desann twòp , yon pwoblèm nan foie ka abouti ak li...)
Coma post traumatique (Siw fè yon aksidan , oubyen ou te fè li , epi kriz la pranw. Siw frape fò nan tèt ak nenpòt bagay...)
Coma Toxique (Siw ta bwè anpil medikaman , epil baw overdoses . Siw ekspoze ak dioksid de kabòn, gaz lakrimojèn, ak dwòg ..)
Coma Convulsif (Siw ta gen yon fyèv ki trè wo , kriz eklamsi, kriz épileptique sa yo rele malkadi a,yon kriz isterik...)
POUKISA TÈKS SA ?
nou vini poun sansibilize ou pouw toujou kouri pran wout lopital lèw wè yon moun pèdi konesans.
Trase vèvè , rele Jezi, enpòtan vre tou depan de kwayans ou, men pa janm bliye premye refleks lan se wout lopital li ye .
NOU ESPERE’W TE RENMEN TÈKS LA , NAP DIW A BYENTO POU YON LOT RIBRIK...