Poètesse Midjinie

Poètesse Midjinie Cette page est là seulement pour partager mes textes que j'ai écrit moi-même.

Mw vinn bay yon opòtunite ak yon jen ki kwè nan travay, ki kwè nan siskè, ki motive pou chanje e ede tèt yo finansyèman ...
29/01/2023

Mw vinn bay yon opòtunite ak yon jen ki kwè nan travay, ki kwè nan siskè, ki motive pou chanje e ede tèt yo finansyèman ak telefòn ki nan menw lan .
Ou menm ki kwè ou gen pwofil pou sa, ekrim sou nimewo sa 4816-4950 pou plis enfo.

29/01/2022

Hello mes amies
Je vais vous partager quelques choses de différents, je sais qu'il y aura parmi vous qui vont pas apprécier mais quand même je vais le faire.
Alors prenez un peu de patience s'il vous plaît!!!
Dieu vous bénisse!!!!!

26/01/2020

" Rèv mw"
Rèv mw se pou'm swiv chemen Legliz
Kotem pral renonse ak tout Priz
Ki vlem toujou rete Friz
Avèk pawòl bib map evite tout Kriz.

Rèv mw se pou'm reyisi Demen
Nan tout sam te aprann konnen
Kote se mw ki pral itil tèt Mw
Poum k ede pwòch Mw.

Rèv mw se pou'm toujou ap Souri
Kote tristès pap gen plas pou Li
Menm si lavi ta fèm Soufri
Paske sa ki nan mw pa gen Pri.

Rèv mw se poum gen plis Lafwa
Kotem gen poum fè yon Chwa
Poum swiv Bondye ak tout fwa
E ke map priyel antanke Rwa.

Rèv mw se poum toujou gen Santé
Chak jou ke Bondye Mete
Menm lè pwoblèm yo ta loud poum Pote
Avèk èd Bondye map rive Surmonte.

Rèv mw se pou'm wè peyi Chanje
Kote ki pa gen grangou ni Danje
Pou yon pèp ki Kouraje
San ke nou pap viv pou Manje.
Le 03\11\17

25/10/2019

" Yon Bon Zanmi"
Nan lavi aprè fanmi se Zanmi
Nou tout la gen yon Zanmi
Gen move zanmi, gen bon Zanmi
Men diferans ki genyen nan Zanmi

Yon move zanmi
Se yon zanni kap metew nan tripòtay
Yon move zanmi
Se yon zanmi kap melew nan tout Detay.
Lap meprizew nan tout Sikonstans
Kap fèw wè lavi a Nwa
Lap chèche atirew nan tou Sans
Lap chanje avèw chak Mwa.
Move zanmi kounya se Kriminèl
Sou latè se yo ki pi Kriyèl
Objektif yo se pou yo vinn Detwi
Tout san nou te redi Konstwi.

Yon Bon Zanmi
Lap aksepte edew nenpòt sak nan Ou
Paske lap la poul moutrew enpòtans Li
Menm sil ta rive viv lwen de Ou.
Lèw tris lap mete souri sou lèv Ou
Li pap rnnmen lèw ou ap Kriye
Okontrè lap edew rnmen edew reyalize rèv Ou
Bèl moman se lè nou rete Priye.
Menm sil pa ta kote ou Ye
Ansanm nap pataje de bèl Moman
Menm si nou ta rive vinn pi Vye
Nap toujou ansanm kelkeswa distans Lan.

Adresse

Rue Chavanne Prolongée # 83
Port-au-Prince

Téléphone

+50943637611

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Poètesse Midjinie publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à Poètesse Midjinie:

Partager