CFEF de Port-au-Prince

CFEF de Port-au-Prince Dans le but de rester en contact a tous les etudiants du CFEF de Port-au-Prince.

Bonne participation à vous!
09/04/2023

Bonne participation à vous!

21/02/2023

Le Réal était efficace selon les statistiques du match aujourd'hui

Inscriptions se poursuivront jusqu’au 3 février 2023.
22/01/2023

Inscriptions se poursuivront jusqu’au 3 février 2023.

05/01/2023

Avis de remise de diplôme aux étudiants finissants du CFEF de Port-au-Prince .

Abonnez-vous à notre page pour ne pas rater aucune information sur le CFEF, EFACAP, REFERANS........

13/07/2022

Kisa nou tande madanm dwa moun nan di sou sa k ap pase nan site solèy la? Li pa o kouran de sa ki rive matisan jodi an?

Petèt li limen pwojektè li sou CG Muscadin

16/06/2022
ACEPS youn nan estriki ki soti anndan CFEF pòtoprens, òganize yon kokenn kou ratrapaj gratis pou elèv 9èm ane fondamenta...
12/06/2022

ACEPS youn nan estriki ki soti anndan CFEF pòtoprens, òganize yon kokenn kou ratrapaj gratis pou elèv 9èm ane fondamental yo nan youn nan kolèj nan kapital la.

San sipò okenn antite prive kou piblik jenn gason ak jenn fanm nan estrikti sila deside pataje konesans yo ak plis pase 50 timoun ki soti nan plizyè etablisman prive ak piblik.

28/11/2021

DOSYE ETIDYAN PAKA TANN

Mkontan tande pawòl sa nan Bouch minis Nesmy Manigat , mwen ta renmen pawòl sa yo se pou tout bon men se pa pou fè pwopagann. Mwen se Youn pami plizyè dizèn Etidyan ki viktim yon desizyon ou te pran lèw te nan Tèt Ministè a ki se desizyon pou fèmen CFEF de Port-au-Prince ki se sèl lekol leta genyen pou fòme pwofesè pou 3 s*k fondamantal yo sèlman paske etidyan yo tap reklame nominasyon (Sa ki te dwe otomatik selon desizyon ministeryèl ki te kreye CFEF la). Olye nou te tande Etidyan yo nou te pito mande yo batay nan voye lapolis al simen gaz sou yo anndan. Gen yon Jou lapolis rantre nan sant lan ap bouske etidyan pou maspinen yo pat jwenn, men yo jwenn yon chen anndan yo telman bat li, menm zo kòt chen an yo kase. Bref mpap rete sou sa paske sant lan te vin relouvri Menmsi se nan kondisyon ki pi mal alòske li te fèmen pou restriktirasyon. Gras Bondye mte rive boukle s*k etid pam nan.

Minis Manigat, mpakwè nouvèl nominasyon ou yon lòt fwa kòm minis Edikasyon Nasyonal byen tonbe nan zòrèy CFEFien yo, lè yo sonje move souvni ou te kite pou yo lè w te minis. Men fòk mwen diw sa Lè w di DOSYE ETIDYAN PAKA TANN nan, sa pote yon ti lòsyè lespwa pou etidyan CFEF yo. Paske bagay la vin pi grav toujou nan sant lan.

Minis Manigat, Eske w te konnen komisyon ou te mete nan tet CFEF la pat rive fè restriktirasyon ou te mande yo pou yo fè a? Eske ou konnen jodia Sant lan fèmen nèt akoz pagen espas pou loje etidyan yo paske se gwo kout bal kap chante Matisan chak jou a?
Eske ou te konnen anbisyon kek moun ki te nan antouraj ou ak sila ou te mete nan Tèt CFEF se te pou antere dosye CFEF la akòz yo se gwo aksyonè nan inivèsite prive ki bay Syans Edikasyon?
Èske ou konnen gen etidyan ki pase konkou ki poko ka fè 1e Ane , sak fè 1e ki paka fè 2e ane, sak fè 1er ak 2e ane ki paka fè 3e ane, sak fè 3e ane ki paka fè pwobasyon?

Minis Manigat, Èske dosye etidyan CFEF yo pami dosye Etidyan ki paka tann pou ou yo? Èske yo ka espere yon bagay de ppandan pasaj ou nan Tèt Ministè a? Si dosye CFEF la enterese w Mwen espere wap mete moun ki konn dosye a travay sou li pou omwen ou retire vye tach ou te pati kite sou CFEF la. Eseye gen mwens flatè bò kotew pou yo ka diw bagay la jan l ye a.

Sonel JOSEPH

Adresse

Martissant
Ville De Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque CFEF de Port-au-Prince publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager