concrete finisher driveway, sidewalk, curb

concrete finisher driveway, sidewalk, curb Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from concrete finisher driveway, sidewalk, curb, North Miami, FL.

07/11/2022
06/17/2020

🤗🤗anpil nan yo tap tann post sa.

Kilè yo ka al ....... pou yo pa ansent.

Mesye post sa se pou nou.. Lipa pou medam yo😁😁..

Nan dènye jou sayo, mwen wè nèg yo ekrim plis sou zafè:: sim t al nan li tèl dat, èskel ka ansent. Sil te gen règ li tèl dat kilèl ka ansent? Sim te voye deyò èskel ka ansent.

Ebyen jodi a mwen vin fon post spesyal pou nou mesye .. Ouvè kò nou😁😁. Sase post nou

Avanm al pilwen. Map di nou mwen te fè post sou dosye sayo deja nan année 2019 saka rive ou potko ap swiv mwen. Sepa mwen kite lakoz.. Jodi a map jis vin fè on rezime pou mesye yo e aprann nou kèk bagay... Medam piga nou li post sa non🤨. Post sa se pou mesye yo.. Kite misye yo ouvè kò yo anba post laa..

CYCLE MENSTRUEL::👉🏽 sase kantite jou ki ant premye jou fi an gen règ li an a premye jou fi an al regen règ li an. Si san parèt sou fi an jodi 12juin an epi lal parèt sou fi an 10 juillet fi sa gon cycle 28 jou. Sil al re genyenl 12juillet fi sa gon cycle 30 jou.. Sesa ki cycle fi an.. Siw paka kontrole cycle on fi, oupa bezwen nan chache konnen kilèl ka ansent.. Si fi a paka kontrolel oupa bezwen al mande moun. Li ki mèt afèl li ki pou regle afèl. Paske souli afèl vini chak mwa.. Mw bay on egzanp. Ak egzanp pam nan ouka al edel kontrole pal lan..

Egzanp ankò:: FI a panike🤦🏾‍♀️ paske san vin sou li 2 fwa nan on mwa.. Non sa paka problèm si fi a gon cycle 21 , 22 ou menm 26 a 28 jou . san ka parèt sou li 2 fwa. Sapral depan de ki lèl tegen premye san. Yon mwa ki pote 31 jou epi fi a te gen règ li 1er nan mwa. Se nòmal san dwe parèt 29 nan mwa ankò sili gen on cycle 28 jou.. Sise on cycle 21 jou fi a gen, san ap reparèt dep nan 22 nan men mwa siw te gentan gen premye règ lan 1er nan mwa.

Pran sanw relil ankò.👆🏽

Ok mesye ann kontinyee.. Post sa se pou nou. Pagen fi kiwè post sa 😁

Moman fi ka ansent nan on mwa. Vrèman minim mesye. Se 1 ou 2 grenn jou, fi a tap gen chans poul ansent. Sak fem di 2 jou an menm, se paske ovule la viv 24h... Men mesye men ki sa kipral blo nou. Se titonton ki rele spèm nan. Lika rive lipa jwenn ovule lan, lal kache on kote lifè 5 jou ap tann ovule.. Kè nèg ki poko prè pou papa yo koupe.😁 nap konn jòj

Ebyen se spèm nan wi ki koz fi a, vin gen nenpòt 7 jou nan mwa li frajil.. Mwen pral fèw kontrele jou sayo .

Nap pran egzanp sou on fi kigen on cycle 28 jou. Nap pran 28 la pito. San panse? paske majorite nan yo se 28 la yo genyen mesye..

Wap note premye jou san te parèt la✅✍🏽. Wap konte rive nan 14eme jou a. Ouwè 14ème jou sa? Se jou tèrib la, jou danje a. (Alò lèm di jou danje a sepou nèg kipoko ka papa yo, . Mw konnen gen anpil moun nan moman kap chache on pitit. M' sweten fòs ak kouraj.) lèm di danje a se pou moun kap boule bwa men ki poko vle fè chabon.. Men nèg kivle pou madanm yo ansent lan, ka tou pran post sa tou.

Make 14ème jou sa epi make 3 jou ki vin avanl yo epi 3 jou kivin aprèl yo.. Sa ap vin baw 7 jou. Ouwè 7 jou sa bro, papran chans al ejakile anndan fi sa menm menm.

Nb:: map redin sa ankò. Fi a pa pran 7 jou poul ovile. Men mwen fèw make 3 jou devan 3 jou dèyè se paske spèm nan ka viv maximum 5 jou (mw te din sa isi a deja nan on post m' t fè sou pèm).. Anpil bagay nap ekrim an prive dim vin pale sou yo, mwen pale sou yo isi a deja dep 2019. Baay pete nan bouboun ect m' pale de tout nèt.. Nou gon mòd noupap swiv page kika aprann nou, nou plis swiv page kap bouyi zen.. Sin tap swiv page kika aprann nou dep aprè post sere bouboun m' te fè 19 fevrier 2019 lan kifè 4 millions personnes touchÊes(ki vledi 4millions moun kiwèl) dep aprè post sa m' te dwe gentan gen plis ke 500 000 abòne pipiti. Non nou pap like page konsa.. Sise nan vi prive moun, pale de fo mouda moun. Wawè jann tap anvayim.

Evre wi m' fachee

Ok ann kontinye'. Ovaire a se liberel libere ovule lan nan 14ème jou a. Ovule la menm vin nan tronp nan li vin chache konpè spèm, men lèl pajwenn spèm lika fè 24 h ap tann.. Toro ki rele spÊm nan menm, ouka voyel anndan fi a jodi 12 juin an, fi a pral ovile lundi 15 juin. Si spèm nan tap tou mouri rapid outap bèl vag. Men toro sa ka ret kache la poul tann lundi a poul metew nan cho..

Lè spèm nan rive lipa jwenn ovule, lipa ret kanpe nan mitan espas lan non, sinon sekirite ki anndan koukoun nan kise bon bacterie yo , yap touye spèm nan. Men spèm nan al kache m'te din sa nan on post.. Pafwa pou spèm nan antravew, likonn al kache anndan glè sèvikal yo, li asosye avèyo tankou se zanmil. Pou bakteri yo pa touyel..

Alon USF sa papa

Ou konn vajen fi an pa alèz ak kò etranje. Sesak koz lè spèm nan rete a l'oeil nue lap tiyel.. Domaj spèm nan son ti entèlijan.

Apresa mesye rès jou ki vini aprè 3jou oute make dèyè 14 jou an. Jou sayo ouka fè bagay alèz, voy dlo anndan zye fèmen. Paske lipap ka ansent. Jou sa o total de 11 jou avan lòt règ lan.. Epi 3 a 4 jou aprè règ lan lipap ka ansent. Chans lan minim men blan pa ekate posibilite a. Men se vrèman minim.

Nb:: nap rediw sa ankò, tout egzanp sayo nou sot ap pran, se pou fi kigen cycle 28 jou..

Si cycle fi an 29 jou oupap konte jiska 14. men wap konte jiska 15.
Si fi a 30 jou, wap konte jiska 16
31 jiska 17
32 jiska 18 ensidswit

Si li piba. Wap desann nan chif la . sil gon cycle 26 jou wap konte jiska 12eme jou.
25 jou jiska 11ème jou ..

Mezanmi sim ta byen detaye on bagay konsa epiw pa konprann.. Moncher oupap janm konprann anyen ankò

NB ankò:: Tout kalkil sayo, se pou fi kigen on règ regilye . savledi on règ ki stab.. Men si malerèz ki nan menw lan gon règ varye, on règ kipa stab. Kalkil sayo pa pou li. Oupap ka regle pou li.. Lika ansent nenpòt ki moman.. A note ke règ iregilye pa on maladi.

Cycle menstruel chak fi varye tou. Lika 21 jou jiska 35 jou.

Menm si règ la te fè 4 a 5 ou 7 jou souw.. Konte janm di konte a.

VOYE DEYÒ AN.

-Mwen toujou din sa , depi ak sa wap pran chans ouka viktim.. Paske pafwa ou tèlman devèn ti Premye dlo preliminè a vini ak tikal spèm wi.. Malgre sa rare men fòw pa ekate posibilte a. Epi map diw ankò, pafwa lèw santi wap vini an bagay la dous wap tann selèw santi dlo a pral koule pou retirel epoutan dlo a te gentan kòmanse koule depi lèw te santiw pral vini an.. Lèw voup ou retirel, pil dlo ouwè ki tonbe atè a se rès. Kipa reprezante anyen.. Sak pral antravew la gentan filee.

Maleee

Pataje ak on moun paw
Pataje post nou.
Post nou pou nou, post nou santi bon. Post nou chèlbè.. Pataje afèw

Siw se fanatik page lan vin enskri nan fanmi USF ekrin nimero sayo sou WhatsApp
+509 35965479
+509 41957696

Kontinye klike la https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=167973081407345&id=100119244859396 al like foto a. Pou vote pou talan usf la siw potko fèsa.. Oudwem sa..

Outa renmen prodwiw ou biznis ou pase anba post just ekri sou WhatsApp sa: +509 47952436

Ou bezwen jere vant ou, jere fòm ou. WhatsApp nimero sa +509 44588070. Wap jwenn bon tÊ..

Pa bliye abòne ak channel Youtube page lan.. Nap prepare bon bagay pou ou.
https://www.youtube.com/channel/UCKG9UQbe8UATApL8JVYMYTQ

Nou te pèdi Premye channel nou an. Sa nouvo. Al abòne. A 1000 nap komanse lage dokimantè.. Oupral viv kèk bagay pandan nap esplikew.

USF se UniversitÊ Facebook lan.. Kontiny fanmi ak zanmiw vin enskri ak on like sèlman. Epi wap resevwa tout post

Ouka al gade video sa. 👇🏾Nan video sa wap ka jwenn remèd pou fyèv kap plede frapen atè a. Klike al gade se Pè André kibanm potel pou ou.

https://youtu.be/Z8HQb620toM

Address

North Miami, FL
33161

Telephone

+17862367572

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when concrete finisher driveway, sidewalk, curb posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share